Wanament : polisye yo touye Péguy Siméon

0
1732
Péguy Siméon

Yon jèn sitwayen ki rele Péguy Siméon 31 lane ki t ap viv Sanntyago te jwenn lanmò l apre kèk polisye te maltrete l, bat li epi lage l anba soti sou tèt yon bis, samdi 8 me a. 

Jèn sa a se yon depòte ki sòti nan peyi Repiblik Dominikèn ki lage de bra balanse san anyen nan men l nan peyi a. Alòske yo voye l tounen nan peyi l, angiz pou l ta jwenn yon asistans, yon ankadreman, yon woulib pou l te rive Senrafayèl, se lanmò l al jwenn. 

Se sitiyasyon ensekirite tou ki pèmèt moun pè moun, moun legliz Katolik Wanament yo ki te nan bis la te refize vwayaje ak li paske yo pa konnen l, e se pou sa yo te rele lapolis pou Péguy. 

Yo sasinen l pou yon woulib li t ap pran soti Wanament pou l te kab antre Kapayisyen. Se pa sèlman lapolis ki touye Peguy, se Leta ayisyen menm ki touye l. 

Britalite polisye ayisyen yo sou Péguy anvan yo touye l

N ap mande jistis pou Péguy ! Jistis kont tout polisye ki te patisipe nan  krim sa a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here